Kreyòl


Anfouraye

La a wi !
men ki bò mwen te mete kle a
anba wòch sa a, la a
dèyè pye kanpèch la
se la a menm, mwen leve wòch la,
m’grate tè a, enpi mwen mete kle a
m’sèten se la a menm

Kounye a, yon moun ki pa konnen
ka konprann m’ap pedi tèt mwen
e poutan, se la a wi mwen mete’l
sof si se ta yon ti kras pi lwen
kite’m chache pi lwen

Si se pat sitiyasyon yo
m’ta gen tan rive la a depi dik dantan vin chache kle a
men se domaj, barikad tribò babò
tout wout bloke, wòch ap voye, tout chen anraje

Lò’m resi jwenn kle sa a, pou’m pote’l ale,
m konn tout bagay pral regle
wi, fòk tout bagay fini pa regle pou yon fwa
nou pa ta ka sèl ras k’ap trennen san repi

Pou di ya kwè ?
e si yo pa ta kwè’m ?
antouka, y’a demele gèt yo
yo pral wè kle a nan plamenm.

Lapawòl / Jean Dany Joachim